

Règ yo ak vi prive w
Ki sa Platfòm PAM ye, kijan pou w patisipe, ak sa ki rive ak done w yo. An mo senp.
Bouyon: tèks sa a dekri jan platfòm lan mache jodi a. Avoka Platfòm PAM yo poko apwouve l.
Ki sa PAM ye
Yon platfòm sivik, pa yon pati
- Platfòm PAM pa yon pati politik.
- Li p ap janm sipòte okenn kandida ni okenn pati.
- Sa yon figi piblik ekri sou paj li (pwomès, repons, pozisyon), se li menm ki deklare l. PAM poko verifye l.
- Sondaj ak klasman yo montre vòt manm platfòm lan sèlman. Se pa yon sondaj syantifik.
- Yon figi piblik, yon pati oswa yon gwoupman ka mande entèlijans atifisyèl ede l ekri prezantasyon l ak pwomès li yo. IA a sèlman reekri sa moun lan ekri; se moun lan ki li tèks la epi ki pibliye l. Yo dwe ranpli kesyonè konpatibilite a anvan yo pibliye.
Yon moun, yon kont
- Chak kont mare ak yon nimewo telefòn ak yon pyès idantite (CIN, NIF oswa paspò).
- Menm pyès la pa ka louvri yon dezyèm kont.
Règ pou patisipe
Sa nou tann de ou
- Pale ak respè. Kritike yon lide oswa yon aksyon, pa joure moun lan.
- Ekri sa w panse ak yon rezon oswa yon egzanp. Yon « bon travay » oswa « m dakò » pa ase.
- Rete sou sijè a.
Sa ki refize oswa retire
- Jouman, menas, ak atak sou yon moun oswa yon gwoup.
- Fo nouvèl.
- Kanpay oswa piblisite pou yon kandida oswa yon pati.
- Tèks ki pa vle di anyen, oswa ki kopye menm bagay la plizyè fwa.
Kijan sa mache
- Yon verifikasyon kalite otomatik bay chak tèks yon nòt sou 100. Anba 40, tèks la pa pibliye. Apati 60, li konte pou pwen.
- Nòt la pa gade ki bò ou ye nan yon kesyon.
- Ou ka siyale yon tèks. Yon siyalman pa retire anyen pou kont li: se yon moderatè ki deside.
- Moderatè yo pa dwe retire yon tèks paske yo pa dakò ak li.
- Chak desizyon yon moderatè oswa yon administratè anrejistre nan yon jounal ki pa ka chanje.
- Si yon manm kontinye vyole règ yo, yon administratè ka sispann dwa l pou pibliye tèks, pou 7 jou, 30 jou oswa plis. Manm lan wè rezon an, e li ka toujou li, vote ak siyen.
- Ou ka konteste yon tèks ki retire oswa yon sispansyon: yon administratè reli desizyon an epi li reponn alekri. Repons lan final.
Vi prive w
Sa nou kenbe
- Nimewo telefòn ou, estati w (nan peyi a, dyaspora, zanmi Ayiti), komin ou ak sijè ki enterese w.
- Si w se elektè, ak sant vòt ou si w ekri l.
- Nimewo pyès idantite w, anrejistre kode. Li sèvi sèlman pou anpeche de kont ak menm pyès la.
- Sa w fè sou platfòm lan: vòt, siyati, repons, lide, kesyon, pwojè, don, pwen.
- Adrès imèl ou pa obligatwa. Si ou bay youn, nou konfime l ak yon kòd, li pa janm parèt pou pèsonn, epi nou sèvi avè l sèlman pou sa ou koche: yon imèl pa jou pou pi plis lè gen nouvo avi k ap tann ou. Li pase nan yon founisè imèl. Ou ka retire l nenpòt lè.
Sa lòt moun wè
- Tèks ou parèt ak estati w ak komin ou. Pa janm ak nimewo telefòn ou, epi ak yon non sèlman si ou chwazi siyen ak non piblik ou.
- Vòt ou pa janm parèt ak idantite w. Se total yo sèlman ki pibliye.
- Nan analiz yo, yon gwoup ki gen mwens pase 5 moun pa parèt.
- Òganizasyon ki peye pou espas analiz la wè total yo sèlman, pa janm yon moun.
- Yon figi piblik parèt ak non li ak tit li, paske se yon wòl piblik.
- Si ou limen paj piblik ou, non ou chwazi a (vrè non w oswa yon non itilizatè) parèt sou li ak pwen ou yo. Li parèt sou tèks ou yo sèlman si ou mande pou siyen yo. Paj la rete etenn toutotan ou pa limen l.
- Pèsonn pa ka jwenn ou ak nimewo telefòn ou si ou pa limen sa. Lè sa a, se sèlman yon moun ki deja gen nimewo w an antye ki jwenn paj piblik ou; nimewo a menm pa janm parèt.
- « Jwenn zanmi m » konpare nimewo yon manm bay nan kontak li ak manm ki aksepte pou yo jwenn yo ak telefòn. Nimewo yo konpare yon sèl fwa epi nou pa kenbe yo.
- Lyen ou ajoute pou paj ou sou Instagram, Facebook, X, LinkedIn, TikTok oswa YouTube parèt sou paj piblik ou. Si ou ajoute nimewo WhatsApp ou, li parèt la tou. Sèvis sa yo gen pwòp règ pa yo.
Mesaj prive
- Ou ka ekri an prive bay yon manm ki gen yon paj piblik, si li aksepte mesaj nan men ou. Chak manm chwazi kiyès ki ka kòmanse yon konvèsasyon avè l, epi li ka bloke nenpòt moun.
- Se ou menm ak lòt manm nan sèlman ki wè yon konvèsasyon. PAM pa li mesaj yo. Yon moderatè wè yon mesaj sèlman si moun ki resevwa l la siyale l, epi li wè mesaj sa a sèlman.
- Mesaj yo rete nan bazdone nou an tankou tèks òdinè, menm jan ak rès sa ou ekri. Yo pa chifre de bout an bout.
- Si ou efase kont ou, konvèsasyon ou yo efase pou ou ak pou lòt manm nan.
- Règ yo se menm ak lòt kote: pa gen jouman, pa gen menas, pa gen kanpay pou yon kandida oswa yon pati.
Papye ou voye pou yon òganizasyon
- Papye ou voye pou yo verifye yon òganizasyon (anrejistreman, pwokirasyon) rete chifre. Se administratè yo sèlman ki ka li yo.
- Lè òganizasyon an fin verifye, papye li yo achive pandan senk an si ta gen yon odit, apre sa yo efase. Pandan tan sa a, ou pa ka retire yo ankò.
- Yon foto oswa yon papye ou voye ak yon demann pwen rete chifre, se sèlman moderatè ak administratè k ap deside demann nan ki wè l, epi nou efase l 30 jou apre desizyon an.
Ki moun ki ede nou fè platfòm lan mache
- Done yo anrejistre kay founisè teknik ki andeyò Ayiti (sèvè ak bazdone).
- Tèks ou ekri pase nan yon sèvis entèlijans atifisyèl pou resevwa yon nòt kalite. Nou pa voye ni nimewo telefòn ou ni pyès idantite w ba li.
- Yon mesaj prive pase nan menm tchèk entèlijans atifisyèl la kont jouman ak menas anvan li ale. Li pa resevwa nòt.
- Yon papye ou voye pou yon òganizasyon ka pase nan yon sèvis ki tcheke viris anvan nou kenbe l.
- Kòd verifikasyon an ap voye pa WhatsApp oswa SMS pa yon founisè mesaj.
- Nou pa vann done pèsonèl ou. Pa gen piblisite ki swiv ou.
Dwa w
- Ou ka telechaje yon kopi tout done w nan Mwen > Done mwen.
- Ou ka efase kont ou menm kote a. Vòt ou ak siyati w soti nan total yo.
- De eksepsyon: yon figi piblik aktif, ak yon manm ki fè don reyèl, dwe kontakte Platfòm PAM pou efase kont yo.